Dènye mizajou: 7 septanm 2026
Sak Pase Solutions Inc. respekte enfòmasyon prive ou. Dokiman sa a eksplike ki enfòmasyon nou kolekte, poukisa, ak kijan nou pwoteje yo.
Non biznis, imèl, telefòn, adrès, foto kat idantite ak selfie (pou verifikasyon), enfòmasyon sou vant/tranzaksyon ou fè, ak enfòmasyon debaz sou kliyan ou yo (si w chwazi anrejistre yo pou Kont Kliyan).
Done yo sove sou Supabase ak chifreman (RLS — Row Level Security) ki asire yon machann sèlman ka wè pwòp done pa li. Modpas ak PIN anplwaye ache — yo pa janm sove an klè.
Nou pataje enfòmasyon peman ak Bazik.io (pasarèl MonCash nou an) sèlman pou trete tranzaksyon yo. Nou pa vann done ou yo bay okenn twazyèm pati pou rezon piblisite.
Nou konsève done tranzaksyon ak kont ou yo pandan tout tan kont ou aktif, plis yon peryòd rezonab apre pou rezon kontabilite/legal. Ou ka mande efasman kont ou nenpòt lè.
Ou ka mande wè, korije, oswa efase enfòmasyon nou genyen sou ou nenpòt lè, an kontaktan Sak Pase Solutions Inc.
Nou ka mete ajou politik sa a detanzantan. Dat "Dènye mizajou" anwo a montre dènye vèsyon an.